IRS aksepte pou yo voye F¨°m W-7, Demand pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividy¨¨l IRS (Individual Taxpayer Identification Number) pa lap¨°s ansanm av¨¨k dokiman orijinal oswa kopi s¨¨tifye dokiman an ki soti nan ajans ki bay dokiman ki pwouve idantite ak estati etranje aplikan ITIN nan. Aplikan yo kapab soum¨¨t W-7 yo a tou l¨¨ yo pran yon randevou nan yon Sant Asistans Kontribyab IRS etan yo nan peyi Etazini, oswa atrav¨¨ yon Ajan S¨¨tifye ki Aksepte aplikasyon yo swa nan peyi Etazini oswa aletranje.
Nan enstriksyon pou ranpli F¨°m W-7 la gen yon lis 13 dokiman yo ka itilize pou pwouve estati k¨°m etranje ak idantite. Yon pasp¨° etranje se s¨¨l dokiman yo ka soum¨¨t poukont li (s¨¨tadi, li etabli ni estati k¨°m etranje ni idantite). Si yo soum¨¨t yon pasp¨°, nan pwen nesesite pou soum¨¨t okenn l¨°t dokiman. Si yo pa soum¨¨t yon pasp¨°, y ap bezwen yon konbinezon omwen de (2) l¨°t dokiman, epi omwen youn nan yo f¨¨t pou l gen yon foto, epi f¨°k yo soum¨¨t li av¨¨k aplikasyon ITIN nan. IRS ap aksepte kopi dokiman orijinal yo, si se yon ajan gouv¨¨nman (etranje oswa domestik) ki em¨¨t dokiman yo, ki s¨¨tifye kopi yo k¨°msadwa. Si w ap bezwen dokiman original ou yo pou nenp¨°t rezon nan 60 jou apre ou fin soum¨¨t aplikasyon ITIN ou an, ou ka swete aplike an p¨¨s¨°n nan yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS oswa CAA. Ou ka chwazi tou pou ou soum¨¨t kopi s¨¨tifye ki soti nan ajans livrezon an pito. Note byen: Yo sispann aksepte pasp¨° ki pa gen dat antre ladan l. Pou plis enf¨°masyon, gade Enstriksyon pou F¨°m W-7 (an angl¨¨) PDF.
Seksyon 203 nan Lwa sou Pwoteksyon Ameriken kont Ogmantasyon Enpo (Protecting Americans from Tax Hikes Act), ke yo te pwomilge nan dat 18 Desanm 2015, te gen ladan l dispozisyon ki afekte pwosesis aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab P¨¨son¨¨l(ITIN) la. Kontribyab yo ansanm ak reprezantan yo f¨¨t pou revize chanjman sa yo, e yo bay plis esplikasyon sou sa nan lyen Kesyon yo Poze Souvan sou Dokiman ITIN yo an, anvan yo reklame yon ITIN.