Kons¨¨y sou Taks pou COVID 2022-11, 20 janvye 2022
Lwa taks yo konplike men majorite er¨¨ ki repete souvan yo t¨¨lman senp, w ap sezi. Nou kapab evite anpil er¨¨ l¨¨ nou f¨¨ deklarasyon elektwonik. Lojisy¨¨l taks yo f¨¨ kalkil, sinyale er¨¨ ki repete anpil yo epi f¨¨ kontribyab la konne touswit gen enf¨°masyon ki manke. Li kapab ede kontribyab yo tou pou yo reklame bon kredi ak dediksyon.
L¨¨ ou itilize bon pwofesyon¨¨l taks ¨C tankou kontab piblik s¨¨tifye yo, ajan anwole (an angl¨¨) oswa l¨°t pwofesyon¨¨l taks anpil moun rekon¨¨t ¨C kapab ede evite er¨¨ yo tou.
- Deklare tw¨° bon¨¨. Pandan kontribyab pa ta dwe deklare anreta, yo pa ta dwe deklare anvan l¨¨ nonplis. Moun ki pa tann pou yo deklare anvan yo resevwa tout bon dokiman deklarasyon taks yo riske f¨¨ yon er¨¨ ki ka lakoz tretman anreta.
- Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki pa k¨°r¨¨k oswa ki manke. Chak SSN ki sou yon deklarasyon taks dwe par¨¨t ekzakteman jan li ekri sou kat Sekirite Sosyal la.
- Non ki mal ekri. Menm jan an. Yon non ki sou yon deklarasyon taks dwe koresponn ansanm av¨¨k non sou kat Sekirite Sosyal moun sa.
- Enf¨°masyon ki pa byen rantre. Yo ta dwe byen rantre av¨¨k atansyon sal¨¨, dividand, enter¨¨ labank, ak l¨°t revni ou resevwa epi yo te deklare sou yon deklarasyon enf¨°masyon. Sa gen ladan tout enf¨°masyon y ap bewen pou kalkil kredi ak dediksyon yo. Itilize yon lojisy¨¨l taks ta dwe ede anpeche gen er¨¨ matematik, men moun yo dwe toujou revize deklarasyon taks yo pou yo k¨°r¨¨k.
- Kondisyon fiskal ki pa k¨°r¨¨k. Gen kontribyab ki chwazi move kondisyon fiskal la. Asistan Taks Ent¨¨raktiv (an angl¨¨) la sou IRS.gov kapab ede kontribyab yo chwazi estati ki k¨°r¨¨k la espesyalman si plis pase yon kondisyon fiskal aplike. Lojisy¨¨l taks yo ede anpeche er¨¨ nan kondisyon fiskal yo tou.
- Er¨¨ matematik. Er¨¨ matematik yo se k¨¨k nan er¨¨ ki f¨¨t pi souvan yo. Soti nan adisyon ak soutraksyon ki pi senp pou ale nan kalkil ki konpl¨¨ks yo. Kontribyab yo ta dwe byen verifye kalkil yo. Sa ki pi bon an, lojisy¨¨l preparasyon taks yo f¨¨ sa otomatikman.
- Kalkil kredi oswa dediksyon. Kontribyab yo kapab f¨¨ er¨¨ nan kalkile bagay tankou Kredi Enpo sou Revni ki Antre, Kredi Swen Depandan ak Timoun (an angl¨¨), Kredi Enpo pou Timoun, epi Kredi Ranbousman Rekiperasyon. Asistan Taks Ent¨¨raktiv (an angl¨¨) la kapab ede det¨¨mine si yon kontribyab kalifye pou kredi oswa dediksyon taks. Lojisy¨¨l taks la ap kalkile kredi sa yo ak dediksyon sa yo epi ak tout f¨°m ak bar¨¨m yo mande. Kontribyab yo ta dwe byen verifye ki kote bagay yo par¨¨t sou deklarasyon final la anvan yo klike sou bouton soum¨¨t la.
- Nimewo kont labank ki pa k¨°r¨¨k. Kontribyab yo dwe yon ranbousman yo ta dwe chwazi depo dir¨¨k. Se mwayen ki pi rapid pou yon kontribyab jwenn lajan li a. Men, kontribyab la dwe rasire li li itilize nimewo kont ak wouting ki k¨°r¨¨k yo sou deklarasyon taks yo a.
- F¨°m ki pa siyen. Yon deklarasyon taks ki pa siyen pa valid. Nan majorite ka yo, toude konjwen yo dwe siyen yon deklarasyon konjwen. Ka genyen eksepsyon pou manm f¨°s lame yo (an angl¨¨) oswa l¨°t kontribyab ki genyen yon delegasyon pouvwa (power of- attorney (an angl¨¨) ki valid. Kontribyab yo kapab evite er¨¨ sa l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon yo elektwonik ak sinyati elektwonik anvan yo voye li bay IRS la.
IRS la ankouraje tout kontribyab yo pou yo f¨¨ deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dir¨¨k pou yo jwenn ranbousman yo pi rapid. Deklarasyon Gratis IRS ofri preparasyon taks sou ent¨¨n¨¨t, depo dir¨¨k pou ranbousman yo ak deklarasyon elektwonik, tout sa yo gratis. Gen opsyon ki disponib an pany¨°l. Anpil kontribyab kalifye tou pou preparasyon deklarasyon taks gratis lakay volont¨¨ s¨¨tifye IRS yo.