Kons¨¨y Fiskal IRS 2023-69, 17 Me 2023
Moun yo ta dwe mete sou pye yon plan preparasyon pou ijans pou fanmi yo - epi enkli kopi dosye eta sivil yo ak enf¨°masyon finansye yo. L¨¨ yo kreye yon plan preparasyon pou ijans ak mete ajou li chak ane, moun yo pral kapab k¨°manse pwosesis rekiperasyon an pi vit si yo afekte pa yon katastw¨°f oswa yon l¨°t ijans.
Men k¨¨k bagay kontribyab yo ka f¨¨ pou ede pwoteje dosye finansye yo.
Mete plan preparasyon pou ijans yo ajou chak ane
Sitiyasyon p¨¨son¨¨l yo ak biznis yo toujou ap evolye, kidonk, kontribyab yo ta dwe ekzaminen plan preparasyon pou ijans yo a chak ane. Depatman Sekirite Entery¨¨ Ameriken an gen resous ak lis verifikasyon sou sit w¨¨b yo a pou ede moun yo kreye plan preparasyon pou ijans yo.
Kreye kopi elektwonik dokiman yo
Kontribyab yo ta dwe kons¨¨ve dokiman yo yon kote ki sekirize. Tankou relve kont labank, deklarasyon enpo ak polis asirans yo. Sa vin fasil kounyea paske anpil ensitisyon finansy¨¨ bay relve ak dokiman pa mwayen elektwonik. Si dokiman orijinal yo disponib sou papye s¨¨lman, kontribyab yo kapab itilize yon eskan¨¨ epi anrejistre yo sou kle USB oswa nan nyaj la.
Dokimante bagay ki gen val¨¨ yo
Dokimante bagay ki gen val¨¨ yo atrav¨¨ foto oswa video anvan yon katastw¨°f rive, rann li pi fasil pou reklame asirans ak avantaj fiskal yo. IRS.gov gen yon kaye ekz¨¨sis sou p¨¨t nan katastw¨°f (an angl¨¨) ki kapab ede kontribyab yo rasanble yon lis bagay yo genyen chanm pa chanm.
Konprann al¨¨jman fiskal ki disponib pou sitiyasyon katastw¨°f yo
Enf¨°masyon sou asistans nan katastw¨°f ak sekou an ijans pou endividi yo ak biznis yo (an angl¨¨) disponib sou IRS.gov. Kontribyab yo ta de gade tou Kons¨¨nan Piblikasyon 547, Aksidan, Katastw¨°f, ak V¨°l (an angl¨¨).
Kontribyab k ap viv nan yon z¨°n katastw¨°f yo deklare federalman, kapab vizite Nan tout peyi a (an angl¨¨) sou IRS.gov epi klike sou Eta yo a pou yo ka w¨¨ ki al¨¨jman fiskal pou katastw¨°f ki disponib. Sila yo kap viv nan konte ki kalifye pou ¨¨d nan ka katastw¨°f ap resevwa otomatikman pwolongasyon pou deklare ak pou peman pou anpil deklarasyon enpo ki anreta epi yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn ¨¨d.
Moun ki gen kesyon sou katastw¨°f yo kapab rele Liy asistans s¨¨vis espesyal IRS la nan 866-562-5227 pou pale av¨¨k yon espesyalis IRS ki f¨°me pou jere pwobl¨¨m katastw¨°f yo.
Si moun yo te p¨¨di dokiman fiskal yo, yo ka k¨°mande relve fiskal yo oswa mande kopi deklarasyon enpo yo te deja ranpli yo ak dokiman yo te tache yo atrav¨¨ Resevwa Transkripsyon sou IRS.gov, l¨¨ yo ranpli F¨°m 4506 (an angl¨¨) oswa l¨¨ yo rele 800-908-9946.