Kons¨¨y Fiskal IRS 2022-141, 14 Septanm 2022
L¨¨ IRS la bezwen poze kesyon kons¨¨nan deklarasyon taks kontribyab la, mete yo okouran de yon chanjman ki f¨¨t sou kont yo, oswa f¨¨ yo yon demann p¨¨man, ajans lan souvan voye yon l¨¨t oswa yon avi pa lap¨°s bay kontribyab la. L¨¨ ou resevwa yon kourye ki s¨°ti nan IRS la, ou pa bezwen panike, konsa tou ou pa sipoze inyore li tou.
L¨¨ ou fin resevwa yon l¨¨t oswa yon avi IRS la voye ba ou pa lap¨°s, men ki sa ou sipoze f¨¨ apr¨¨sa:
Pran san ou pou ou li l¨¨t la. Pif¨° l¨¨t ak avi IRS yo se de deklarasyon taks federal ak kont taks yo pale. Chak avi trete yon pwobl¨¨m espesifik epi li bay enstriksyon ki byen kl¨¨ sou sa ou sipoze f¨¨. Yon avi gendwa f¨¨ kontribyab la konnen chanjman ki f¨¨t sou kont taks li, taks li dwe, yon rek¨¨t peman oswa yon pwobl¨¨m espesifik nan yon deklarasyon taks. L¨¨ ou poze aksyon ou gendwa minimize risk ki genyen pou ou ta peye enter¨¨ oswa penalite.
Revize enf¨°masyon an. Si l¨¨t la ta pale de deklarasyon taks ki chanje oswa korije, kontribyab la sipoze revize enf¨°masyon an epi konpare li ak deklarasyon orijinal la. Si kontribyab la dak¨°, li sipoze note koreksyon an nan kopi deklarasyon taks p¨¨son¨¨l li epi sere li nan dosye li. Jeneralman, kontribyab la ap gen pou li poze aksyon oswa antre an kontak av¨¨k IRS la s¨¨lman si li pa ta dak¨° ak enf¨°masyon an, si IRS la ta mande enf¨°masyon adisyon¨¨l, oswa si yo gen balans yo dwe.
Poze nenp¨°t ki aksyon yo mande pou ou poze, sa gen ladann peye tou. Se pa lap¨°s IRS la ak ajans prive ki kolekte d¨¨t yo voye l¨¨t yo. Nan pif¨° ka, s¨¨l sa kontribyab la ap gen pou li f¨¨ se pran san li pou l li l¨¨t la epi poze aksyon ki apwopriye yo oswa f¨¨ yon p¨¨man.
Reponn s¨¨lman si yo mande pou ou f¨¨ sa. Kontribyab yo p ap bezwen reponn yon avi sof si yo ta mande li pou li f¨¨ sa. Jeneralman, pa gen okenn nesesite pou ou ta rele IRS la. Si kontribyab la ta gen nesesite pou sone IRS, li sipoze sone sou nimewo ki nan kwen anl¨¨ adwat avi a, epi li sipoze gen yon kopi deklarasyon taks li ak l¨¨t li nan men li.
F¨¨ IRS la konnen l¨¨ ou gen pwobl¨¨m ak yon avi. Si yon kontribyab pa ta dak¨° ak IRS la, li sipoze voye yon l¨¨t pa lap¨°s kote l ap esplike poukisa li pa dak¨° ak avi a. Li sipoze voye l¨¨t la nan adr¨¨s ki nan kazye kontak ki nan avi a. Kontribyab la sipoze enkli enf¨°masyon ak dokiman pou IRS ka verifye l¨¨ li deside f¨¨ IRS konnen li pa dak¨° ak li.
Sere l¨¨t la oswa avi a nan dosye ou. Kontribyab yo sipoze sere avi oswa l¨¨t yo resevwa nan men IRS la. Sa yo gen ladan avi ajisteman yo l¨¨ yo poze aksyon sou kont kontribyab la. Kontribyab yo sipoze kons¨¨ve done yo pandan twa (3) lane apati dat yo te f¨¨ deklarasyon enpo a.
Siveye anak yo. IRS la p ap jan janm itilize rezo sosyal yo oswa mesaj t¨¨ks pou li kontakte kontribyab yo. L¨¨ IRS la ap antre an kontak ak ou pou lapremy¨¨ fwa, li souvan f¨¨ sa pa lap¨°s. Kontribyab k ap mande t¨¨t yo si yo dwe IRS la lajan kapab gade enf¨°masyon sou kont fiskal yo sou IRS.gov.