Ou pral bezwen yon Nimewo Idantifikasyon Taks Endividy¨¨l ki soti nan IRS ¨C sa yo rele ITIN pou pi kout ¨C Si ou gen yon kondisyon pou ranpli taks, pou kenbe taks federal oswa ou kalifye pou yon benefis taks ki akseptab, men ou pa kalifye pou yon nimewo Sosyal Sekirite.
Ale nan irs.gov/itin, kote ou ka aprann plis sou li.
Premy¨¨man, ou pral ranpli yon F¨°m W-7. Ou pral voye-l pa la poste bay IRS ansanm ak dokiman idantifikasyon yo mande ou yo ak deklarasyon taks federal ou.
Tcheke enstriksyon yo pou F¨°m W-7 pou yon lis dokiman ki akseptab.
S¨¨lman voye dokiman idantifikasyon orijinal oswa yon kopi ki s¨¨tifye pa ajans lan ki bay li.
Ou gen l¨°t opsyon tou. Olye pou ou poste dokiman orijinal tankou pasp¨° ou, ou ka travay av¨¨k yon ajan s¨¨tifye ki akseptab. IRS otorize ajan sa yo pou verifie dokiman ou yo.
Yon l¨°t opsyon se pou pran yon randevou pou jwenn ¨¨d nan yon IRS Sant Asistans pou kontribyab ki bay s¨¨vis sa a.
Nenp¨°t ITIN ki pa itilize nan yon deklarasyon taks omwen yon fwa nan twazan ap ekspire nan fen twazy¨¨m ane a.
Si ITIN ou ekspire epi ou bezwen ranpli yon deklarasyon taks, asire w ke ou soum¨¨t yon F¨°m W-7 ranpli ak dokiman yo mande yo pou ou ka renouvle ITIN ou an ki te ekspire a.
Sa ka ede evite reta nan pwosesis la nan deklarasyon taks ak ranbousman taks ou. Asire w ke ou tcheke tout l¨°t ITIN ki nan lis sou deklarasyon taks ou pa ekspire ¨C tankou pa mari ou, pa madanm ou, oswa pa yon depandan.
Pou plis enf¨°masyon sou ITINs ak ki kote ou ka jwenn ¨¨d, ale nan IRS.gov/itin.