Kons¨¨y Fiskal IRS 2022-70, 5 Me 2022
Kredi Taks Op¨°tinite Travay la (an angl¨¨) se yon kredi taks federal ki disponib pou anplway¨¨ ki anplwaye k¨¨k gwoup byen espesifik (an angl¨¨), ki souvan rankontre difikilte pou yo jwenn travay. Kredi sa a disponib sou sal¨¨ k¨¨k patikilye ki k¨°manse travay 31 desanm 2025 oswa anvan, touche.
Men plis detay kons¨¨nan egzijans ki f¨¨t pou bon jan kredi sa a.
Kredi taks op¨°tinite travay la egal ak 40% epi jiska $6,000 sal¨¨ ki peye epi aplikab pou yon kredi $2,400 maksim¨°m pou yon anplwaye ki:
- nan premye ane travay li.
- s¨¨tifye li se manm yon gwoup ki elijib.
- travay pou anpwlay¨¨ sa a pandan 400 ¨¨dtan pou pi piti.
Se yon kredi ki bay yon s¨¨l fwa pou chak fwa anplway¨¨ a anplwaye yon nouvo moun, epi tou li pa gen dwa reklame kredi sa a pou yon moun li anboche ki t ap travay pou li deja.
Yon to 25% aplikap pou sal¨¨ patikilye ki travay ant 120 a 399 ¨¨d tan.
Nou gendwa teni kont de jiska $24,000 pou det¨¨mine WOTC pou s¨¨ten gwoup byen espesifik veteran ki kalifye.
Kil¨¨s ki kalifye pou kredi a
Tout kalite antrepriz gendwa kalifye pou kredi op¨°tinite travay la l¨¨ yo anboche patikilye ki f¨¨ pati de gwoup ki kalifye yo ki rankontre gwo pwobl¨¨m pou yo jwenn travay.
Ni anplway¨¨ ki gen obligasyon ni sa ki pa gen obligasyon pou peye taks ki Ozetazini ak nan k¨¨k t¨¨ritwa ameriken kapab reklame kredi sa a. Men k¨°man:
- Si yon anplway¨¨ gen obligasyon pou peye taks, li gendwa reklame kredi sa a nan deklarasyon taks li.
- Si yon anplway¨¨ elijib men li pa gen obligasyon pou peye taks, li gendwa reklame kredi sa a s¨¨lman kont taks pew¨°l ak s¨¨lman pou sal¨¨ li peye manm gwoup espesifik veteran ki kalifye a.
Kijan pou reklame kredi a
Aplike pou kredi a byen senp.
- Anpwlay¨¨ a ak moun ki aplike pou dj¨°b la sipoze ranpli F¨°m 8850, Avi preseleksyon ak rek¨¨t s¨¨tifikasyon pou kredi op¨°tinite travay la epi soum¨¨t li bay Ajans Nasyonal Travay nan ent¨¨val 28 jou apti de dat aplwaye a k¨°manse travay la. Anplway¨¨ a sipoze soum¨¨t F¨°m 8850 lan bay IRS.
- Apr¨¨ anplwaye a fin resevwa s¨¨tifikasyon ki di li f¨¨ pati de youn nan 10 gwoup espesifik yo, kredi a ap afiche nan F¨°m 5884, Kredi Op¨°tinite Travay (an angl¨¨) la. Apr¨¨sa kredi a kapab reklame nan F¨°m 3800, Kredi Biznis an jeneral (an angl¨¨). Anplway¨¨ ki pa gen obligasyon pou yo peye taks ap ranpli F¨°m 5884-C, kredi op¨°tinite travay pou ¨°ganizasyon ki pa gen obligasyon pou peye taks, ki bay veteran ki kalifye travay (an angl¨¨).
Kredi a limite ak montan enpo sou revni antrepriz la oswa pati anplway¨¨ a dwe sou taks sekirite sosyal la. Nenp¨°t kredi ki pa itilize ap swiv prensib n¨°mal la ki se rekile oswa avanse kredi a.