Kons¨¨y Fiskal IRS 2024-01, Jan. 4, 2024
Kredi enpo ak dediksyon yo chanje kantite lajan enpo oswa ranbousman yon moun. Moun yo ta dwe konprann ki kredi ak dediksyon yo ka reklame ak dosye yo bezwen pou montre kalifikasyon yo.
Kredi enpo
Yon kredi enpo diminye b¨°dwo enpo sou revni yon kontribyab dwe dapre deklarasyon enpo a dola-pou-dola.
Gen kredi enpo, tankou Kredi enpo pou revni ou touche, ki ranbousab. Si b¨°dwo enpo yon moun pi piti pase kantite yon kredi ki ranbousab, li ka jwenn diferans lan nan ranbousman an.
Pou reklame yon kredi enpo, ou ta dwe:
- Kons¨¨ve dosye ki montre w kalifye pou kredi enpo w reklame a.
- Tcheke kounye a pou w w¨¨ si w kalifye pou reklame nenp¨°t kredi pou ane pwochen nan deklarasyon enpo a.
Dediksyon
Dediksyon yo ka redwi revni yon kontribyab anvan li kalkile enpo li dwe a.
Pif¨° moun pran dediksyon estanda a (an angl¨¨). Dediksyon estanda a chanje chak ane pou enflasyon. Kantite dediksyon estanda a depann de estati fiskal kontribyab la, laj epi si li av¨¨g ak si yon l¨°t moun reklame kontribyab la k¨°m yon depandan.
Gen k¨¨k moun ki dwe detaye dediksyon yo (an angl¨¨), epi k¨¨k moun ka chwazi f¨¨ sa paske li diminye revni enpozab yo a plis pase dediksyon estanda a. Anjeneral, si dediksyon detaye yon kontribyab pi plis pase dediksyon estanda a, li f¨¨ sans pou li detaye yo.
Asistan Enpo Ent¨¨aktif
Jwenn ¨¨d pou kesyon enpo ki kons¨¨ne sitiyasyon pa w l¨¨ w itilie Asistan Enpo Ent¨¨aktif la (an angl¨¨). Li ka ede yon moun deside si li elijib pou anpil kredi ak dediksyon enpo ki popil¨¨.