Kons¨¨y Taks COVID 2021-157, 25 Okt¨°b 2021
Apre yo fin f¨¨ deklarasyon taks yo a, kontribyab yo ka reyalize yo f¨¨ yon er¨¨ oswa bliye mete yon bagay ladan. IRS la rek¨°mande pou kontribyab yo itilize Asistan Taks Ent¨¨raktiv la, ?ske Mwen Ta Dwe Depoze yon Deklarasyon Amande? (an angl¨¨) Pou ede yo konnen si yo ta dwe korije yon er¨¨ oswa f¨¨ l¨°t chanjman nan deklarasyon taks yo te depoze deja a.
Men k¨¨k rezon ki f¨¨ anpil moun ka bezwen depoze yon deklarasyon amande:
- L¨¨ yo mete yon montan ki pa k¨°r¨¨k
- L¨¨ yo pa reklame kredi yo kalifye pou yo
- L¨¨ yo pa byen reklame dediksyon yo
IRS la ka korije er¨¨ matematik oswa ekriti nan yon deklarasyon san yon seri f¨°m oswa an¨¨ks yo egzije. Nan ka sa yo, pa en okenn nesesite pou kontribyab yo amande deklarasyon an.
Epitou, kontribyab yo ta dwe tann si y ap atann ak yon ranbousman. Yo bezwen bay tan pou deklarasyon orijinal yo a trete anvan yo depoze yon deklarasyon amande. IRS la ap ranbouse lajan otomatikman bay moun ki elijib ki te depoze deklarasyon taks yo kote yo deklare konpansasyon chomaj anvan Plan Sovtaj Ameriken an f¨¨ chanjman yo. Li ka pran ajans lan plis pase 21 jou pou li bay ranbousman pou k¨¨k deklarasyon taks 2020 ki mande revize ansanm av¨¨k montan kredi ranbousman rekiperasyon yo oswa montan yo ki te itilize revni 2019 la pou kalkile kredi taks sou revni an ak kredi taks pou timoun nan.
Sila yo ki vr¨¨man bezwen amande deklarasyon taks yo (an angl¨¨) ka genyen kesyon sou k¨°man pou yo f¨¨ sa. Men k¨¨k bagay yo ta dwe konnen, kontribyab yo:
- Ka itilize lojisy¨¨l taks pou depoze yon F¨°m 1040-X (an angl¨¨) elektwonik. L¨¨ sa a, se s¨¨lman deklarasyon F¨°m 1040 ak 1040-SR ane fiskal 2019 ak 2020 yo ki kapab amande pa mayen elektwonik e se s¨¨lman si deklarasyon taks 2019 oswa 2020 an te depoze pa mwayen elektwonik.
- Ki pa kapab oswa pa t chwazi depoze F¨°m 1040-X yo a pa mwayen elektwonik ta dwe ranpli yon F¨°m 1040-X f¨°ma papye.
- Voye yon 1040-X f¨°ma paye bay IRS la pa lap¨°s nan adr¨¨s ki nan lis ki nan enstriksyon (an angl¨¨) PDF f¨°m yo nan Ki Kote pou mwen Depoze. Kontribyab k ap depoze F¨°m 1040-X pou yo reponn yon avi IRS ta dwe voye li bay IRS la pa lap¨°s nan adr¨¨s ki nan avi a.
- Ta dwe tache tache kopi tout f¨°m oswa an¨¨ks chanjman an afekte yo.
- Bezwen depoze yon F¨°m 1040-X apa pou chak ane fiskal. L¨¨ n ap voye deklarasyon amande yo bay IRS la pa lap¨°s, mete chak ane fiskal nan yon anvl¨°p apa epi mete ane deklarasyon orijinal k ap amande a nan t¨¨t F¨°m 1040-X la.
- Ta dwe peye taks anplis yo dwe yo pi bon¨¨ posib pou limite chaj enter¨¨ ak penalite yo.
- Dwe depoze F¨°m 1040-XX pou reklame yon ranbousman nan twa (3) lane apati dat yo te depoze deklarasyon taks yo al¨¨ a oswa nan de (2) lane apati dat yo te peye taks la.
- Kapab swiv estati deklarasyon amande a twa (3) semenn apre ou fin voye li pa lap¨°s av¨¨k zouti Kote Ranbousman Mwen an?.