Kons¨¨y Fiskal IRS 2022-133, 30 dawout 2022
Fayit la se yon d¨¨nye rekou pou kontribyab yo regle zaf¨¨ d¨¨t yo. Pou endividy¨¨l yo, tip fayit ki pi kouran an se yon Chapit 13 (an angl¨¨). Seksyon sa nan lwa fayit la p¨¨m¨¨t endividy¨¨l yo ak pwopriyet¨¨ ti biznis yo ki gen difikilte finansy¨¨ yo ranbouse kreyansye yo a. Fayit chapit 13 la disponib s¨¨lman pou salarye, moun k ap travay ak t¨¨t yo ak pwopriyet¨¨ endividy¨¨l biznis yo.
Obligasyon fiskal yo pandan deklarasyon fayit chapit 13 la:
- Kontribyab yo dwe soum¨¨t tout deklarasyon taks ki obligatwa yo pou pery¨°d fiskal k ap fini nan kat (4) lane deklarasyon fayit yo a.
- Pandan yon fayit, kontribyab yo dwe kontinye deklare, oswa jwenn yon pwolongasyon tan pou deklare, tout deklarasyon ki obligatwa yo.
- Pandan yon ka fayit, kontribyab yo ta dwe peye tout taks kouran yo jan yo dwe yo a.
- Si nou pa depoze deklarasyon ak peye taks kouran yo pandan yon fayit, sa ka lakoz yo rejte yon af¨¨, konv¨¨ti l an yon fayit likidativ chapit 7, oswa plan chapit 13 la ka pa konfime.
L¨°t bagay pou n konnen:
- Si IRS la nan lis kreyansye nan fayit yo a, IRS la ap resevwa yon avi elektwonik kons¨¨nan af¨¨ yo a k ap soti nan Tribinal Fayit Etazini yo. Moun yo kapab verifye l¨¨ yo rele Operasyon Santralize sou Ens¨°lvabilite IRS la nan 800-973-0424 epi ba yo nimewo dosye fayit la.
- Si youn nan rezon ki koz yon kontribyab ap deklare fayit se d¨¨t fiskal federal li te dwe peye deja, li ka bezwen ogmante prel¨¨vman li oswa p¨¨man estimasyon taks li. Estimat¨¨ Prel¨¨vman Taks la kapab ede moun yo det¨¨mine bon prel¨¨vman an. Paj Estimasyon Taks IRS.gov la genyen plis enf¨°masyon sou estimasyon taks yo.
- Moun yo kapab resevwa ranbousman taks pandan yo nan fayit. Sepandan, ranbousman yo ka gen reta oswa s¨¨vi pou peye d¨¨t fiskal yo. Kontribyab yo kapab w¨¨ si ranbousman yo a retade oswa konpanse pa d¨¨t fiskal yo l¨¨ yo ale nan zouti Kote Ranbousman Mwen an? oswa l¨¨ yo kontakte Inite Operasyon Santralize sou Ens¨°lvabilite a.
L¨°t tip fayit
Patenarya yo ak sosyete yo depoze fayit yo dapre Chapit 7, Likidasyon (an angl¨¨) oswa Chapit 11, Re¨°ganizasyon (an angl¨¨) k¨°d fayit la. Endividy¨¨l yo ka deklare tou selon chapit 7 oswa chapit 11. L¨°t tip fayit yo se Chapit 9, 12 ak 15 (an angl¨¨). Dosye selon chapit k¨°d fayit sa yo enplike minisipalite yo, agrikilt¨¨ ak pech¨¨ fanmi yo, ak af¨¨ ent¨¨nasyonal yo.