IRS Tax Tip 2021-168, 15 Novanm 2021
Pandan kontribyab yo ap prepare yo pou sezon deklarasyon k ap vini an, li enp¨°tan pou yo konnen bon kondisyon fiskal yo (an angl¨¨). Kondisyon fiskal yon kontribyab defini ki kalite f¨°m deklarasyon taks yo ta dwe itilize l¨¨ y ap depoze taks yo. Kondisyon fiskal la kapab afekte montan taks yo dwe, e li ka menm det¨¨mine si yo genyen pou yo depoze yon deklarasyon taks tou.
Genyen senk kondisyon fiskal IRS. Jeneralman, yo depann de estati sivil kontribyab la 31 Desanm. Sepandan, plis pase yon kondisyon fiskal ka aplike nan k¨¨k sitiyasyon. Si se ka sa a, kontribyab la kapab chwazi kondisyon fiskal k ap p¨¨m¨¨t yo peye pi piti montan taks la n¨°malman.
Nan preparasyon ak depo yon deklarasyon taks, kondisyon fiskal la afekte:
- Si kontribyab la gen egzijans pou li depoze yon deklarasyon taks
- Si yo ta dwe depoze yon deklarasyon pou yo jwenn yon ranbousman
- Montan dediksyon estanda yo
- Si yo kapab reklame yon seri kredi
- Montan taks yo ta dwe peye
Men senk (5) kondisyon fiskal yo:
- ³§±ð±ô¾±²ú²¹³Ù¨¨. N¨°malman estati sa se pou kontribyab ki pa marye, ki div¨°se oswa ki nan separasyon legal dapre yon dekr¨¨ separasyon oswa div¨°s ki gouv¨¨nen pa lwa leta a.
- Marye k ap deklare konjwen. Si yon kontribyab marye, yo kapab depoze yon deklarasyon konjwen av¨¨k konjwen yo. L¨¨ yon konjwen mouri, l¨°t konjwen an kapab depoze yon deklarasyon konjwen pou ane sa n¨°malman.
- Marye k ap deklare separe. Koup ki marye yo kapab chwazi depoze deklarasyon taks separe. L¨¨ yo f¨¨ sa, sa kapab f¨¨ yo dwe mwens taks pase si yo te depoze yon deklarasyon taks konjwen.
- Ch¨¨f fwaye. Kontribyab ki pa marye yo ka anmezi pou yo depoze av¨¨k estati sa a, men gen r¨¨gleman espesyal ki aplike pou sa. Pa egzanp, kontribyab la te dwe peye plis pase mwatye pri pou antretyen kay la pou t¨¨t yo ak yon moun kalifye k ap viv nan kay pandan mwatye ane a.
- V¨¨f oswa v¨¨v kalifye av¨¨k timoun depandan. Estati sa ka aplik epou yon kontribyab si konjwen yo te mouri nan youn nan de (2) lane pase yo epi yo genyen yon timoun depandan. Gen l¨°t kondisyon ki aplike tou.